top of page
Writer's pictureFANM POTOMITAN

Vwa Fanm Yo (La Voix des Femmes)

Vwa Fanm Yo (La Voix des Femmes)

Fotofargye pa: Kylan Piper


“Lè ou gen yon rèv, pa atann pou tout moun fè pati rèv ou a, paske apèl ou a pa pou tout moun; jis rete konsantre."

Roselaure Charles

Roselaure Charles te fèt nan Thiotte e te grandi nan Pòtoprens, Ayiti. Apre li te fini etid fòmèl li nan Artiste Institute, li te resevwa yon bous pou etidye Ozetazini, li te pran yon diplòm nan Kominikasyon Art ki espesyalize nan sinematografi dijital. Pandan li te nan kolèj, Madam Charles te remake se sèl li tankou fi Nwa nan pifò klas li yo. Apre li fin diplome, li tounen Ayiti, li rekonèt absans fanm nan sinematografi. Madam Charles te deside fè pon pou kreye yon sistèm ak sipò pou lòt fanm ki entere nan domèn sa.

Nan dat 22 janvye 2017, Madam Charles te fonde La Voix Des Femmes, yon òganizasyon san bi likratif nan Jakmèl, Ayiti, ki gen misyon pou “anplifye vwa fanm nan Atizay ak Teknoloji”. La Voix Des Femmes konsantre sou sipòte ak edike fanm nan teknoloji, fotografi, sinema, ak devlopman pèsonèl.


La Voix Des Femmes te òganize Soirée Film Des Femmes Ayiti, nan mwa novanm 2021, premye festival fim, ki konsantre ak mete aksan sou fanm nan endistri a ak kreye yon anviwònman pou yo. “Nou pa konnen tout bagay; nou tout bezwen youn lòt,” Madam Charles di. Kounye a, òganizasyon an ap elaji nan pwochen faz li Ozetazini,pou fè li yon òganizasyon entènasyonal. La Voix Des Femmes ap travay sou pwochen Soirée Film des Femmes ki pral fèt nan Okap, Ayiti.

Malgre ke Madam Charles fè fas a anpil defi, li jwenn objektif li nan konnen ke lè ou gen yon rèv, ou pa ka kite l mouri. Li kwè tou ke abandone rèv sa pa yon opsyon epi li konseye lòt moun pou jwenn fason yo jwenn kreyativite yo epi pou fè rèv yo tounen reyalite. “Mwen pa t chwazi La Voix Des Femmes, men li te chwazi m. Pafwa, mwen dekouraje epi mwen vle abandone, men fè sa ta vle di abandone tèt mwen ak moun La Voix Des Femmes sipoze motive ak sipòte”.

Madam Charles konprann enpòtans li; menmsi li te alèz nan karyè pandan li t ap viv ann Ayiti, li te santi yon bagay ki manke e li te santi li te oblije fè yon diferans nan kominote li a. "Sa mwen pral kite dèyè a enpòtan pou mwen." Madam Charles renmen chanjman, epi li konsyan ke yon sèl moun pou kont li pa ka chanje mond lan ni Ayiti; men li kwè ti pati nou chak ka fè ap fè yon enpak enpòtan. "Ti limyè a klere sou chemen yon moun jodi a; demen pral limen yon lòt."

Pasyon Roselaure Charles pou edike ak sipòte fanm nan endistri fim ak teknoloji ak dezi li pou fè yon chanjman ki gen enpak globalman se poutèt sa li se yon Fanm Potomitan.






56 views0 comments

Recent Posts

See All

Comments


bottom of page