Espwa apre abizman!
Intèvyouwe pa: Cathia JB Pierre, Prettie Augustin, Catherina Davius
Ekri pa Bijoux Abellard, Cathia JB Pierre, & Prettie Augustin
Fototograf: @Randolphfoto
Abi fizik, emosyonèl, mantal ak seksyèl ranpan atravè mond lan. Malerezman, anpil viktim yo oblije rete an silans paske yo pè jijman, wont, kilpabilite, ak lòt konsekans.

Joanne Cherisma se yon manman, otè ki ekri yon liv, ki rele “I never thought I Would Be a Statistic”,yon enfimyè kòm pwofesyon. Yon natif natal de Ayiti, li te demenaje ale rete Etazini apre tranbleman de tè ki te pase nan lane 2010 la. Joanne se yon sivivan nan definisyon vrè mo a.
Li te fonde Beyond The Abuse Inc. apre li te kite yon relasyon abizif kote li te santi li te pou kont li epi li pa t wè okenn fason pou sòti. "Mwen se yon temwen vivan ke gen espwa," Fanm Potomitan nou an di. Objektif òganizasyon li a se pote konsyans kont relasyon toksik, bayviktim yo ak fanmi yo espwa.
Beyond The Abuse Inc. bay yon refij san danje pou nenpòt moun ki fè eksperyans abi de nenpòt kalite. Yo louvri pòt pou kèlkeswa sèks yon moun, laj, ak oryantasyon seksyèl yo. Joanne kwè ke gen espwa apre tanpèt la. Yon moun sèlman bezwen jwenn objektif li, fokis pou yo ka vanse epi ede lòt moun.
Si ou twouve w nan yon relasyon abizif, Joanne and Beyond the Abuse Inc vle ou konnen ke: "Ou pa poukont ou, se pou pale." "Si ou vivan, gen espwa". Abizman ka rive nenpòt moun, li pa diskrimine. Ou pa bezwen pè pale! Pa rete tann jiskaske li twò ta!
Li kanpe kont abizman. Li siviv abizman. Li se yon vwa pou bay lòt yo espwa; se pou sa Joanne Cherisma se yon Fanm Potomitan.
Ou kapab achte liv Joanne nan sou sit li:
Oubyen sou Amazon:


Comments